Accessibility links

Breaking News

Venezyela

Venezyela: Lula Mande Dyalòg pou Rezoud Pwoblèm Eleksyon an nan Venezyela

Chile’s President Gabriel Boric meets Brazil’s President Luiz Inacio Lula da Silva, in Santiago
Chile’s President Gabriel Boric meets Brazil’s President Luiz Inacio Lula da Silva, in Santiago

Prezidan peyi Brezil, Luiz Inacio Lula da Silva, mande lendi 5 Dawout la yon dyalòg ant gouvènman venezyelyen an ak opozisyon an nan yon efò pou rezoud tansyon ki genyen nan peyi a apre viktwa Nicolas Maduro nan eleksyon an ke opozisyon an konteste.

Lula te pale konsa pandan yon vizit deta nan Chili, kote li te rankontre ak Prezidan Gabriel Boric.

Lula deklare : "Yon angajman pou lapè se sa nou ap chache, e se pou sa nou ap mande pati yo dyalòge e nap ankouraje konpreyansyon ant gouvènman an ak opozisyon an".

See all News Updates of the Day

Otorite Venezyelyen yo Fouke yon 4yèm Ameriken

Otorite Venezyelyen yo Fouke yon 4yèm Ameriken
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:10 0:00

Venezyela : yon 4yèm Ameriken jwenn arestasyon l nan Karakas pou konplo pou "asasinen" Prezidan Nicolas Maduro, dapre otorite yo, ki denonse "entèferans" Inyon Ewopeyen ak Espay nan zafè sa a. Jeanty Augustin Junior Gen

Venezyela: Washington, Madrid ak Prag Mande Enfòmasyon sou Sitwayen yo Arete yo

Venezuela's Interior Minister Diosdado Cabello addresses the media
Venezuela's Interior Minister Diosdado Cabello addresses the media

Washington, Madrid ak Prag ap mande enfòmasyon sou sitwayen peyi yo ke otorite Venezyela te fouke, anba akizasyon ke yo lye ak yon swadizan konplo ki vize "destabilize" peyi a.

Otorite Venezyelyen yo te anonse samdi arestasyon 3 Ameriken, 2 Espanyòl ak yon Tchèk, yo di te sezi anviwon 400 fizi ki soti Ozetazini.

Minis Enteryè Venezyelyen an Diosdado Cabello te di ke sispè sa yo fè pati de yon swadizan konplo ki gen entansyon "jenere vyolans" ak "destabilize" peyi a.

Dapre li, plan an te vize Prezidan Nicolas Maduro, ke opozisyon an ak yon pati nan kominote entènasyonal la konteste re-eleksyon li.

Washington ak Madrid demanti patisipasyon yo nan yon operasyon konsa a.

Anplis de sa, Minis Enteryè Venezyelyen an te deklare ke yon ofisye aktyel lame ameriken an, Wilbert Castañeda, te pami moun ki te te jwenn arestasyon yo.

Mesye Cabello te idantifye 2 lòt Ameriken yo kòm David Estrella ak Aaron Barren Logan ak Espanyòl yo kòm José María Basoa ak Andrés Martínez Adasme.

Mesye sa yo swadizan lye ak ajans entèlijans Ameriken ak Panyòl, sa ke gouvènman peyi yo demanti.

Venezyela di li Fouke 6 Etranje

Venezyela di li Fouke 6 Etranje
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:49 0:00

Minis Enteryè Venezyelyen, Diosdado Cabello, akize Espay kòmkwa li planifye pou l bay "mèsenè" pou yon operasyon kont gouvènman an, operasyon ke Etazini ap dirije nan Venezyela. Jeanty Augustin Junior Gen detay.

Venezyela Arete 3 Ameriken, 2 Panyòl ak yon Tchek ke yo Akize yo de Konplo kont Leta

This handout picture released by Venezuela´s Interior and Justice Ministry shows Venezuela’s Interior Minister Diosdado Cabello giving a press conference next to seized weapons on display in Caracas on September 14, 2024.
This handout picture released by Venezuela´s Interior and Justice Ministry shows Venezuela’s Interior Minister Diosdado Cabello giving a press conference next to seized weapons on display in Caracas on September 14, 2024.

Otorite Venezyelyen yo fouke 3 Ameriken, 2 panyòl ak yon Tchek, yo akize de yo konplo ki te swadizan vize "destabilize" peyi a.

Caracas te fè arestasyon an Samdi 14 septanm nan, yo tou rapòte ke sezi apreprè 400 fizi ki soti Ozetazini.

Washington, ki gen relasyon ak Caracas ki ap deteryore, imedyatman demanti nenpòt "patisipasyon" Ameriken nan yon "konplo" ki vize "ranvèse" Prezidan Nicolas Maduro.

Espay fe menmpan pareyman li "kategorikman demanti ak rejte" akizasyon otorite venezuelyen yo ki afime ke li ta "ki enplike nan yon operasyon destabilizasyon politik".

Minis Enteryè Venezyelyen an, Diosdado Cabello, te pale nan yon konferans pou laprès sou yon swadizan plan ki gen entansyon "jenere vyolans" ak "destabilize" peyi a.

Dapre li, Prezidan Maduro, ke opozisyon an ak yon pati nan kominote entènasyonal konteste vitwa li nan eleksyon 28 jiyè a, se te sib swadizan atak sa , dapre otorite yo gen lòt ofisyèl egzekitif ki te sib tou .

Mesye Cabello di "2 sitwayen Panyòl te fèk jwenn arestasyon yo nan Puerto Ayacucho (sid)," e li ajoute ke yon "sitwayen Ameriken" te nan prizon tou.

Apre sa, li rapòte arestasyon 2 lòt Ameriken, ansanm ak yon Tchek.

Misye Cabello te lye swadizan plan an ak sèvis entèlijans Panyòl ak Ameriken, ansanm ak lidè opozisyon an Maria Corina Machado.

Venezyela-Espay: Minis Zafè Etranjè a Deklare “Venezyela Pap Aksepte Okenn Enjerans"

Venezuela Chile
Venezuela Chile

Yvan Gil ki se Minis Afè Etranjè peyi Venezyela di Vandredi peyi l 'pa aksepte "oken enjerans" nan men Espay, ki te bay kandida opozisyon an azil politik apre defèt li nan eleksyon prezidansyèl Jiyè a.

Mesye Gil te fè deklarasyon sa yo apre yon rankont ak anbasadè Panyòl la apre yo te konvoke li.

Li kontinye poul di "Nou pa pral aksepte okenn enjerans nan men gouvènman Panyòl la nan zafè ki tonbe anba jiridiksyon eksklizif Venezyelyen yo".

Yvan Gil te raple tou anbasadè Venezyelyen an nan Espay semèn pase a pou konsiltasyon.

Load more

XS
SM
MD
LG