Venezyela: Lame a Rejte apèl opozisyon ki Mande yo Abandone Maduro, Lame a di Apèl Opozisyon an "Dezespere "

Venezuela's Defense Minister Vladimir Padrino delivers a message during an event to distribute electoral material to the different voting centers at Fuerte Tiuna in Caracas on July 24, 2024.

Fòs lame yo nan Venezyela rejte madi apèl ke opozisyon an lanse pou mande yo anbandone Maduro.

Lame a konsidere demand opozisyon an kòm "dezespere", e li repete "fidelite absoli" ak Prezidan Nicolas Maduro ki dapre rezilta ofisyèl yo genyen re-eleksyon.

Minis Defans la, Jeneral Vladimir Padrino, deklare nan yon nòt pou laprès "Nou rejte ak tout fòs pwopozisyon dezespere ki kanpe sou rebelyon" ki ap "chache minen inite ki ekziste antre nou."

E yo te repete fidelite absoli ak sitwayen Nicolas Maduro Moros (...) ki pouvwa popilè a te re-eli ak lejitimite.