Maduro di Plis Pase 2,000 Moun Jwenn Arestasyon pou Krim Yo te Komèt nan Manifestasyon nan Venezyela

Venezuela Election

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, di samdi 3 Daout la ke yo arete anviwon 2 000 moun ki gen rapò ak "krim" nan manifestasyon kont rezilta eleksyon prezidansyèl yo.

Nan yon rasanbleman nan kapital la Karakas, Maduro pwomèt "dènye nivo pinisyon" e li te akize prizonye yo pou ofans grav.

"Fwa sa a pa pral gen padon," se pawòl lidè sosyalis la devan sipòtè li yo.

Otorite elektoral Venezyela a, ki anba gwo kritik kòmkwa li te favorize sosyalis yo, pwoklame Maduro venkè nan vòt dimanch pase a.

Rezilta li pibliye pou eleksyon an pwovoke akizasyon fwòd toupatou ak manifestasyon. Apre sa, fòs sekirite yo lage koukou wouj kont manifestasyon, ke gouvènman Maduro a prezante kòm nan kad yon tantativ koudeta ke Etazini apiye.=

Prezidan Brezil, Meksik ak Kolonbi mande pou Venezyela pibliye bilan detaye vòt la pandan gen kontestasyon sou rezilta eleksyon prezidansyèl yo.