Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Inyon Ewopeyen an pa rekonèt viktwa Maduro a, Pap la mande "verite "


Opposition leader Maria Corina Machado holds a national flag while waving to supporters as she arrives for a rally in Caracas, Venezuela, Aug. 3, 2024.
Opposition leader Maria Corina Machado holds a national flag while waving to supporters as she arrives for a rally in Caracas, Venezuela, Aug. 3, 2024.

Inyon Ewopeyen an mete plis presyon entènasyonal sou Prezidan Venezyelyen Nicolas Maduro pou di ke yo "pa gen ase prèv" pou yo rekonèt viktwa prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 28 Jiyè a." Pap Franswa bò kote pa li mande pou "cheche konn laverite" nan dosye sila.

Konsèy Inyon Ewopeyen an nan yon nòt pou laprès, ki mande pou yon "verifikasyon endepandan" di "Malgre li te pran angajman pou fè sa, Konsèy Elektoral Nasyonal Venezyela (CNE) poko pibliye pwose-vèbal ofisyèl ki soti nan biwo vòt yo.

« Si manke prèv pou sipòte rezilta ke Konsèy Elektoral Nasyonal la pibliye 2 Daout la, nou pa ka rekonèt » rezilta sa yo.

CNE ratifye Vandredi viktwa Maduro a ak 52% vwa pou li kont 43% pou Edmundo Gonzalez Urrutia, ki ranplase lidè opozisyon an, Maria Corina Machado, ki pat kalifye pou patisipe nan eleksyon 28 Jiyè a, eleksyon ki bay rezilta ki jwenn ak anpil kontestasyon.

Gwo Manifestasyon kraze brize te kòmanse apre piblikasyon rezilta yo semèm pase a sa ki lakoz 13 moun mouri ak plis pase 2,000 lòt ki jwenn arestasyon yo.

Dapre Maduro gen 2 manm gad nasyonal ki pèdi lavi yo. Yon ONG rapòte 11 sivil mouri nan afwontman sa yo.

Machado fè sonje: "Kopi rapò elektoral ke opozisyon an pibliye e ke plizyè òganizasyon endepandan revise, endike ke Edmundo Gonzalez Urrutia parèt kòm gayan nan eleksyon prezidansyèl la ak yon gwo majorite".

CNE a di li viktim de piratage enfòmatik ki fè li poko bay detay sou bilten ke elektè te lage nan biwo vòt yo.

Opozisyon an kwè ke sa se yon manèv pou evite revele vrè rezilta yo, epi li pibliye rezilta chak biwo sou yon sit entènèt. Dapre dokiman sa yo ke Maduro rejte kòm fo, Gonzalez Urrutia te genyen vòt la ak 67% vwa.

Dimanch, Pap Franswa lanse "yon apèl sensè bay tout pati yo pou yo cheche konnen laverite epi evite nenpòt kalite vyolans."

Li te Adrese yon foul moun sou plas Sen Pyè nan Vatikan, Papp la ki se yon Ajanten mande peyi a tou pou "rezoud mezantant yo nan dyalòg epi gade anvan tout bagay vrè enterè popilasyon an".

XS
SM
MD
LG