Kou Siprèm Venezyela Pral Fè Odit Rezilta Eleksyon Prezidansyèl la

Kou Siprèm Venezyela aksepte demann Prezidan Nicolas Maduro fè pou mennen yon odit sou rezilta eleksyon Dimanch la. Tribinal la pase lod bay misye, Edmundo Gonzalez ak 8 lòt kandida ki te patisipe nan eleksyon prezidansyèl la pou yo konparèt devan jij yo jodi Vandredi a.

Caryslia Beatriz Rodriguez se prezidan Kou Siprèm Venezyela.

"Pwosesis envestigasyon ak verifikasyon pou sètifye san restriksyon rezilta pwosesis elektoral ki te dewoule 29 Jiyè 2024 jan prezidan konstitisyonèl Repiblik Venezyela Nicola Maduro Moros mande a aksepte e enskri."

Mèkredi, Maduro te mande tribinal siperyè a poul fè odit rezilta eleksyon an men demann sa a te soulve kritik tòp top bò kote obsèvatè etranje ki te di tribinal la twò kòkòt ak figawo ak gouvènman an pou l mennen yon ankèt endepandan.

Li poko klè si premye konsesyon Maduro a pou gen plis transparans, se rezilta chita tande li te genyen ak Brezil, Kolonbi ak Meksik.

Kèk minit anvan anons Kou Siprèm nan, Maduro te parèt devan yon foul depi balkon palè prezidansyèl la kote li bat bravo pou desizyon tribinal la epi di lap reponn prezan Vandredi.

Maduro reafime tou menas kont manifestan yo e li mande patizan li yo f è gouvenman an konnen sa yap fè pou yo ka chache yo "ri pa ri" "katye pa katye".

Gouvenman Maduro a ap sereboulon manifestasyon ki te deklanche Lendi apre opozisyon an te kriye koken epi di li gen prev Maduro pedi.

Lide opozisyon Maria Corina Machado pibliye yon videyo sou rezo sosyal yo kote li mande patizan li yo rasanble nan lari Samdi pou "rann omaj ak tout ewo ki te defann volonte pep Venezyelyen an 28 Jiye."

"Nou pral afime verite a paske mond lan pral we fòs ak deteminasyon yon sosyete ki detemine pou l viv nan libete."