Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksiken an di pa gen okenn prèv fwod nan eleksyon Venezyela a


El presidente de México, Andrés Manuel López Obrador, y el de Venezuela, Nicolás Maduro, posan para una foto durante su encuentro en el palacio de Miraflores, en Caracas, el 1 de diciembre de 2018.
El presidente de México, Andrés Manuel López Obrador, y el de Venezuela, Nicolás Maduro, posan para una foto durante su encuentro en el palacio de Miraflores, en Caracas, el 1 de diciembre de 2018.

Prezidan Meksik la Andres Manuel Lopez Obrador deklare ke pa gen okenn prèv ki montre fwod nan yon eleksyon ke Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro di li te genyen men ke opozisyon an konteste, sa ki te pwovoke manifestasyon nan tout peyi a.

Lopez Obrador repete tou apèl li pou otorite yo moutre rezilta yo klè e li te mande Konsèy Elektoral Venezyela a pou l montre prèv epi pibliye tout tabilasyon vòt ki soti nan eleksyon dimanch yo.

"Mwen pa gen okenn prèv fwod pa gen okenn prèv fwod nan eleksyon yo nan Venezyela" se repons prezidan an nan yon konferans pou laprès li fè chak jou, lè yo te poze li kesyon sou posiblite pou gen fwod nan eleksyon Venezyela yo.

Li te di tou ke Meksik pa pwal patisipe nan reyinyon ann ijans konsèy pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ki pwograme pou fèt Mèkredi lòt semenn apre 9 gouvènman nan Amerik Latin nan te mande sa.

Li di nan konferans pou laprès la: "Nou pa dakò ak opinion OEA a ki baze sou prejije." Li di tou òganizasyon an twò prese pou rekonèt viktwa kandida opozisyon Venezyelyen an.

Prezidan Meksiken an te di anvan sa nan semèn nan li pral tann pou wè piblikasyon tout detay nan rezilta eleksyon Venezyela a anvan li rekonèt yon venkè.

Lòt peyi ak òganizasyon entènasyonal eksprime enkyetid konsènan eleksyon dimanch la, alòske Lopez Obrador mande pou yo mete dlo nan diven yo epi evite entèvni nan zafè Venezyela.

XS
SM
MD
LG