Kantite Migran Kap Chankre Ozetazini Ilegalman Bese pa 30%

Foto Achiv: Migran ki travese flev Rio Grande a epi antre Ozetazini depi Meksik fe lake pandan yap tann gad fwontye Etazini jere yo, 23 Sept. 2023.

Arestasyon sou fwontye Etazini Meksik la bese anpil pandan mwad Jiyè a - sa ki reprezante yon gwo akonplisman pou administrasyon Joe Biden. Pandansetan, militan imigrasyon yo gen espwa Etazini taka leve entèdiksyon kont demann azil yo.

Gad Fwontye arete 57,000 migran pandan mwa a ki se yon bès 30
% konpare ak mwad Jyen an. Se chif pi ba yo anrejistre depi mwad Septanm 2020, lè pandemi kowonaviris la te lakoz migran yo pat tèlman te travèse fwontyè a.

Gen 2 ajan Pwoteksyon Fwontyè ak Ladwann ki pataje done yo ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo paske chif sa yo poko pibliye piblikman.

San Diego se pos fwontyè kote plis moun te travèse ilegalman nan mwad Jiyè a.