Accessibility links

Breaking News

40 Migran Mouri Apre Bato yo Pran Dife Tou Pre Kòt Ayiti


Foto Achiv: Yon bato a vwal nan lanme tou pre kot Ayiti.
Foto Achiv: Yon bato a vwal nan lanme tou pre kot Ayiti.

Omwens 40 migran mouri e plizye lòt blese apre bato yo pran dife tou pre kòt nò Ayiti, dapre sa yon ajans Nasyonzuni rapòte Vandredi.

Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon LONU an, OIM rapòte ke Gad Kòt Ayiti repeche 41 moun. Gen 11 ladan yo ki entène lopital - kèk pami yo boule.

Sepandan, OIM fè konnen gen "omwens 40 migran ki mouri e yon pakèt lòt blese.

Bato a tap transpòte plis pase 80 moun, e ki te kite pò Labadee Mekredi pou l zil Tik (Turks and Caicos) ki sitye ak yon distans 240 kilomèt ak Ayiti, dapre sa OIM rapòte. Li site kòm sous Ofis Migrasyon Nasyonal Ayiti a.

Pa gen okenn enfomasyon pou kounyea sou sak koze dife a.

Yon pakèt Ayisyen ap kouri kite peyi a pou al nan lot peyi nan moman zak vyolans gang yo ogmante epi gang yo pran kontwol yon gwo pati teritwa nasyonal la.

Plizyè santèn polisye Kenyan rive Ayiti nan kad fòs miltinasyonal ki pral ede PNH la retabli sekirite.

Depi 29 Fevriye, Gad Kòt Ayisyen di yo obsève yon ogmantasyon nan kantite bato kap pati kite Ayiti.

Pami destinasyon yo gen: Etazini, Bahamas, Zil Tik epi Jamayik.

OIM di gen plis pase 86,000 migran ke peyi vwazen yo depòte an Ayiti ane sa a.

XS
SM
MD
LG