Trump Twoke Pawòl Piman Bouk ak Jounalis ABC News Pandan Konferans Jounalis Nwa yo nan Chicago

Republican presidential nominee and former U.S. President Donald Trump speaks on a panel of the National Association of Black Journalists convention in Chicago, July 31, 2024.

Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump fè yon parèt nan rankont anyèl jounalis nwa yo nan Chicago.

Sa pat pran tan pou konvèsasyon an te vin chofe.

Trump te twoke pawol piman bouk ak jounalis ABC News Rachel Scott, epi akize l dèske li te fè gwo malelve lè l te entwodui l epi poze l yon kestyon difisil pou komanse ki gen rapo ak kritik li te lanse kont moun nwa ak jounalis nwa yo.

"Ou mechan," Trump te deklare.

Trump te kontinye atak li kont rezo Scott la, ABC News, ke li plenyen pou di pata dwe oganize pwochen deba prezidansyèl la malgre li te antann ni ak kanpay Biden pou fè sa.

Kandida Repibliken an repete tou manti ke imigran ki antre ilegalman Ozetazini ap "pran djob nwa yo." Lè Scott mande l kisa ki yon "djòb nwa" Trump te reponn pou di nempot ki djòb - spektatè yo rele chal bari dèyè l pou sa.

Apre sa, Trump te di li pa osi granmoun "mantalman" ke Biden epi li ajoute "misye fini" - spektatè yo pran ri. Anpil moun te souke tèt yo tou.

Lè jounalis mande l si l ta rale kò li kom prezidan oubyen kandida prezidansyèl si sante li pat bon, Trump te di ke li tap fè sa. Apre sa li te defye Kamala Harris pou l pran yon sibi yon tès sou kapasite mantal li epi akize l dèske li te echwe nan egzamen dwa li.

Li vre ke Harris, dapre nouvèl yo te echwe nan premye tantativ li pou l pase egzamen dwa a men apre sa li te pase l epi li te eli minis jistis San Fransico, epi apre sa minis jistis eta Kalifòni.

Yon lot kote, Trump te kestyone etnisite nwa Harris. Harris pale sou sa pandan li tap mennen kanpay nan Houston.

"Apremidi a Donald Trump pale nan rankont anyel Asosyasyon Nasyonal Jounalis Nwa yo. Epi sete menm pawol divizyon ak derespektan nou gen abitid tande misye pale. E te m di nou pèp Ameriken an merite mye ke sa. pèp Ameriken an merite yon lidè ki di verite e ki pa reponn ak ostilite epi kolè lè yo konfwonte l ak fè. "

Harris pap asiste konvansyon an men asosyasyon an pibliye yon mesaj sou rezo X ki di yap pale ak kanpay li pou wè si li taka parèt vityèlman oubyen an pèsonn pou yon konvèsasyon nan mwad Septanm nan.