Frap Izrayelyen ki te Sible yon Gwo Chabrak Hezbollah Touye yon Moun, Men Pa Militan an

Machin ki andomaje apre yon frap Izrayel lanse sou yon banlye nan sid Bewout, kapital Liban, 30 Jiye, 2024.

Yon frap Izrayelyen kont banlye sid vil Beirout, kapital Liban Madi, sible sal operasyon gwoup militan Hezbollah a, dapre sa 3 responsab wo plase ajans sekirite peyi Liban di Reuters.

Dapre nouvel yo frap la te sible Muhsin Shukr, ke moun konnen tou kom Fuad Shukr.

Etazini te enpoze sanksyon kont Fuad Shukr nan ane 2015.

Izrayel akize misye deske li responsab pou yon atak ak misil kont morn Golan yo ki touye 12 timoun ak tinedye.

Gen 2 Sous sekirite Libane ki di Reuters misye siviv atak la.

Ajans nouvel Reuters site yon sous sekirite ki di gen yon dam ki mouri epi 7 lot blese nan atak la.

Pandansetan Etazini di li pral kontinye pousuiv diplomasi pou evite konfli ant Izrayel ak Hezbollah a epapiye pi plis.

Pot pawol Vedant Patel di jounalis yo solisyon diplomatik la ta pemet sivil Izrayelyen ak Libane tounen lakay yo epi viv nan lape ak sekirite.

Yon lot kote, Larisi deklare atak Izrayel lanse kont Liban an se yon vyolasyon lwa entenasyonal.