Yon Tribinal Milite Izrayelyen ap Tande Dosye 9 Sòlda yo Akize de Abi Seksyel on Prizonye Palestinyen

Lapolis Izrayelyen veye yon manifestasyon patizan zel dwat yo devan yon tribinal kap tande dosye 9 solda Izrayelyen ke yo akize de abi seksyel yon Palestinyen, 30 Jiye, 2024.

Yon tribinal militè Izrayelyen ap tande dosye 9 sòlda ke yo arete epi akize kòm kwa yo te abize yon Palestinyen nan yon enstalasyon misterye kote Izrayèl konn kenbe prizonye Gaza yo pandan lagè a.

Yon avoka defans pou kèk pami solda yo di ankèt la gen pou wè ak abi seksyèl.

Ankèt la ogmante tansyon and komandman militè a ak nasyonalis liy di nan gouvènman an ki ta renmen wè Izrayèl gen konpotman ki pi kanson fè toujou nan lagè Gaza a.

Odisyon madi a, kote jij yo sipoze pran yon desisyon sou si yo ta dwe pwolonje detansyon sòlda yo taka soulve nouvo pwotestasyon bò kote moun ki apiye sòlda yo.