Blinken di Etazini gen 'Gwo Enkyetid' Konsènan Rezilta Eleksyon Venezyelyen yo

Japan US Security Talks

TOKYO (AP) — Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di Lèzetazini gen 'gwo enkyetid' konsènan rezilta eleksyon prezidansyèl Venezyela a ki gen anpil kontestasyon apre rezilta ofisyèl yo di ke se Nicolas Maduro ki genyen.

Blinken t ap pale pale ak laprès nan Tokyo Lendi yon ti tan apre anons ofisyèl la te fèt. Blinken te di ke Etazini te konsène ke rezilta a pa reflete ni volonte ni vòt pèp Venezyelyen an.

Li te mande pou ofisyèl eleksyon yo pibliye rezilta konplè yo ak transparans e imedyatman epi li te di ke Etazini ak kominote entènasyonal la pral reponn kòmsadwa.