Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Nicolas Maduro Geyen Eleksyon Prezidansyèl yo. Li Pwomèt "Lapè, Estabilite ak Jistis"


대통령 선거 결과가 발표된 뒤 환호하는 니콜라스 마두로 베네수엘라 대통령.
대통령 선거 결과가 발표된 뒤 환호하는 니콜라스 마두로 베네수엘라 대통령.

Prezidan sòtan Nicolas Maduro re-eli pou yon twazyèm manda nan tèt peyi Amerik Latin nan (Venezyela), dapre rezilta Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te anonse dimanch 29 jiyè a, e opozisyon an kritike rezilta sila.

Nicolas Maduro, ki se eritye ansyen prezidan Hugo Chavez (1999-2013), jwenn 5,15 milyon vòt, (51,2%) devan kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki te jwenn li menm 4,5 milyon (44,2%), dapre chif ofisyèl ke prezidan CNE a, Elvis Amoroso, anonse.

Sa se rezilta ki parèt apre yo te fin konte 80% bilten yo. Patisipasyon popilè a se 59%. Elvis Amoroso deklare ke Rezilta sa "paka chanje”.

Maduro akeyi rezilta a ak yon ti fedatifis. Li monte sou yon sèn nan palè prezidansyèl la nan Caracas pou selebre viktwa li ak sipòtè l yo ki t ap chante "Vamos Nico", Ann Ale, Nico.

Nicolas Maduro pwomèt "lapè, estabilite ak jistis" nan Venezyela nan yon diskou touswit apre anons re-eleksyon li pou yon twazyèm manda, nan nwit dimanch pou rive lendi devan patizan li yo ki tap selebre anons viktwa li devan Palè Prezidansyèl nan Caracas.

"Pwal gen lapè, estabilite ak jistis. Lapè ak respè pou lalwa. Mwen se yon nonm lapè ak dyalòg," se sa li di pandan ke kanpay la ak vòt la te dewoule nan yon gwo tansyon, kote opozisyon an denonse anpil entimidasyon ak arestasyon.

XS
SM
MD
LG