Sak ap Pase si Biden Deside Lage Pye l nan Kous Prezidansyèl la?

Tourists gather outside the White House as former U.S. President Donald Trump was addressing the Republican National Convention being held in Milwaukee, in Washington,

Vandredi, kanpay Joe Biden pibliye yon deklarasyon ki di li pral rete nan kous prezidansyèl la. Men gen plis Demokrat kap di piblikman prezidan an pa gen anpil chans pou l genyen eleksyon Novanm nan e toujou gen posibilite pou Biden rale kò l. Si li deside fè sa, Demokrat yo pral oblije deside vit e prese kiyès kap ranplase l epi kijan.

Prezidan Joe Biden an karantèn nan kay vakans li nan Delaware. Si li deside lage pye l nan kous prezidansyèl la, yon opsyon se ta pou l andòse yon kandida altènativ.

Prèske tout 3,896 delege kap rasanble nan Konvansyon an nan Chicago mwa pwochen an pwomèt Biden vot yo nan prèske tout eleksyon primè ki dewoule nan peyi a. Men dapre règ pati a "pwomès" sa a ka chanje.

John Fortier travay pou Enstiti Antrepriz Ameriken an.

"Kapab gen negosyasyon si Joe Biden ta deside rale ko li, petèt nou taka omwens ankouraje oubyen andose oubyen eseye rezève yon plas pou Vis Prezidan Harris tounen kandida nome a. Men pa gen okenn garanti absolu ni mwayen legal pou l chanje sipo l pou mamzèl."


Premye moun nan liy siksesyon prezidansyèl la se Vis Prezidan Kamala Harris. Se ta yon chwa lojik.

Gen 58% Demokrat ki kwè Harris ta fè yon bon prezidan, dapre yon nouvo sondaj AP ak Sant Rechèch NORC fè. Men gen 30% Ameriken an jeneral ki kwè sa.

Piblikman li apiye Biden.


"Joe Biden se kandida nou. Nou kale Trump deja e nap kale l anko. Pwen ba."

Antanke manm tikè Biden-Harris la, Harris ka depanse lajan yo antre pou kanpay yo ki rive yon valè $91 milyon, dapre rapo yo te pibliye nan mwad Jyen an.

Nomen Harris, yon fanm nwa, taka ede sekirize vot nwa Ameriken yo, ki se yon gwoup enpotan ki apiye pati Demokrat la.

Sepandan, Demokrat yo vle evite tou, aparans ki pa demokratik yon koronasyon otomatik, sitou si gen lot moun ki ta renmen postile.

Pami lot posib kandida yo gen 3 gouvènè eta: Gavin Newsom, Kalifoni, Josh Shapiro, Pènsilvani epi Gretchen Whitmer, Michigan.

Elaine Kamarck se yon analis nan Brookings Institution.

"Objektif pati nou se mete lod nan dezod pwosesis la anvan konvansyon an epi pèmèt kèlkeswa moun ki antre nan kous la pale ak delege yo. Gen dives opsyon tankou rankont rejyonal oswa yon deba.

Nan konvansyon an, Demokrat yo dwe deside tou kiyès kap kandida vis prezidansyèl la. Se yon lot pwosesis ki taka kreye eksitasyon ak divizyon alafwa.

Jennifer Merceica se yon pwofesè kominikasyon politik nan Inivèsite Texas A&M.

"Kèlkeswa moun ki pale pi fo kont chwa Harris la pral pwobableman fè pati faksyon pati a ki mete kandida pa yo nan plas vis prezidan an. Men ou konnen se spekile nap spekile. Nou pa gen okenn ide paske sa poko janm rive anvan.

Anvan eleksyon Novanm yo, Demokrat yo dwe jere anpil tèt chaje.

Men sa Donald Trump te di pandan diskou akseptasyon li:
"Trè rapidman nou pral fè Amerik tounen yon gran peyi anko."

Pandansetan, Repibliken yo fèk klotire konvansyon yo a, epi montre yo apiye yon fason inifye kandida prezidansyèl pa yo, Donald Trump.

Korespondan Lamezonblanch Patsy Widakuswara ekri vesyon orijinal repotaj sa a ann Angle