Sa Ou Dwe Konnen Sou Ekip Sniper Sèvis Sekrè Etazini

Kandida prezidansyel Repibliken, ansyen Prezidan Donald Trump rive nan yon miting politik Samdi 13 Jiye, 2024, nan Butler, Pensilvani.

Anpil moun ap kritike Sèvis Sekrè Etazini apre ansyen Prezdian Donald Trump siviv yon tantativ asasina pandan yon miting politik li tap fè nan eta Pènsilvani.

Biwo Enspektè Jeneral la elaji revizyon li sou ajans la pou li ka enkli Ekip Sniper a.

Youn nan sniper ekip sa a tire e touye Thomas Matthew Crooks (sispek la) Samdi, apre li te louvri zam sou Trump depi twa yon bilding ki te sitye tou pre sèn kote Trump tap pale a.

Ekip Sniper a egziste depi 1971.

Ansyen ajan yo di se yon gwoup elit ki difisil pou antre ladann. Ekip sa a skane foul la pou posib menas de lwen, souvan deyo ak andeyo perimèt sekirite a.

Direktris Sèvis Sekrè a, Kimberly Cheatle chante lwanj sniper a piblikman pou jan li te reyaji rapidman.