Sondaj: Majorite Demokrat Kwè Kamala Harris Ta Fè yon Bon Prezidan

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris monte nan avyon ofisyel li, Air Force 2, pou'l al Japon ak Kore di Sid. Li dekole depi baz aviyasyon Ameriken Joint Base Andrews, nan eta Maryland, Dimanch 25 Sept. 2022.

Nan moman Prezidan Joe Biden ap fè fas ak yon pakèt presyon pou l lage pye l nan kous prezidansyèl la, pi fò Demokrat kwè vis prezidan li ta fè yon bon prezidan.

Yon nouvo sondaj Associated Press fè ak Sant Rechèch sou Zafè Piblik NORC, jwenn ke 6 sou 10 Demokrat kwè Kamala Harris ta fè yon bon travay kòm chèf d eta.

Apepre 2 sou 10 Demokrat pa kwè li ta fè yon bon djòb epi 2 sou 10 di yo pa konn ase sou li pou yo bay yon opinyon.

Depi gwo fo pa Biden te fè nan deba li kont Donald Trump 27 Jyen pase a, anpil Demokrat pale an prive pou di se Harris ki ta dwe pran la relèv kòm kandida prezidansyèl pati Demokrat la.