Florid: Sou Truth Social, Trump Mande pou Voye Jete Tout Akizasyon Lajistis kont li

Jueza desestima caso contra Trump por documentos clasificados

Sou rezo sosyal li Truth Social, Donald Trump mande pou jete tout lòt aksyon legal ke lajistis te gen kont li, apre desizyon yon jij eta Florid te pran pou anile dosye kote yo akize li pou jan li te jere dokiman sekrè ki te nan men li.

Li di : “Pandan n ap vanse pou ini nasyon nou an apre evènman terib Samdi a, ranvèse akizasyon ilegal sa a nan Florid ta dwe kòm premye etap la, e apre sa, yo ta dwe rapidman ranvèse tout lòt dosye kote yo lage koukou wouj dèyè moun ke yo kalifye kòm chòche.”

Kandida Repibliken pou prezidan an te viktim yon tantativ asasinay Samdi.