Somè LOTAN 2024 : “Defann Avni Nou”

Foto Achiv: Jens Stoltenberg, Sekrete Jeneral Oganizasyon Trete Atlantik No a (LOTAN).

75yèm Somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik fèt ane sa nan kapital Ameriken an, Washington, D.C. Tèm somè a se “Defann Avni Nou”

E li santre sou mwayen pou atake kèk nan pwoblèm ki pi ijan nan mond lan, soti nan enkyetid pou sekirite ki antoure tout konfli ki ap dewoule nan mond lan, rive nan nesesite pou eta manm yo kontinye kolabore diplomatikman ak finansyèman. Somè a te chita tou sou enpòtans endistri yo nan fè eta manm yo ranfòse relasyon antre yo.

Somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ane sa gen anpil anpil enpòtans pou kont li. 75yème ane istwa, kwasans, ak konfyans se kèk nan eleman kle ke eta manm yo te diskite ane sa a.

Kounye a, Òganizasyon Trete Nò Atlantik la gen 32 peyi manm sou kontinan Ewòp la epi Etazini ak Kanada nan Amerik di Nò.

Somè a te gen yon ekspozisyon ki moutre jan òganizasyon an te kòmanse ak 12 peyi, ak lè chak eta manm te antre nan alyans la.

Òganizasyon Trete Nò Atlantik la te fonde ak dezi pou anpeche konfli mondyal pete tankou premye ak dezyèm gè mondyal la.

Nan diskou Sekretè Jeneral Òganizasyon 9 Jiyè a, li te eksprime enpòtans ak siyifikasyon non sèlman egzistans Òganizasyon Trete Nò Atlantik men tou tan ki pase sou li.

Li te mete aksan sou Lagrès la, li rekonèt ke anvan somè sa a reklamasyon Òganizasyon Trete Nò Atlantik la t'ap nonmen non te pousantaj siksè li yo. Sepandan, li fè konnen ane sa a Òganizasyon Trete Nò Atlantik te gen plis siksè e li alyans ki pi ansyen nan listwa, sa se te yon mesaj ki pakab pran alalejè.

Lagè kontinyèl ant Ikrèn ak Larisi se yon gwo enkyetid pou manm some a. Menmsi okenn nan 2 nasyon sa yo pa manm òganizasyon, istorikman, Larisi te konsidere kòm yon fòs opozisyon ak Etazini.

Konfli kontinyèl la te ogmante tansyon ant Larisi ak peyi Òganizasyon Trete Nò Atlantik ak ranfòse relasyon ant Òganizasyon Trete Nò Atlantik ak Ikrèn.

Kounye a Ikrèn se sou wout pou li vini yon eta manm. Sepandan, Ikrèn gen anpil travay pou li fè avan li antre nan alyans la kòm manm.

Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou a l okazyon 75e anivese LOTAN nan Washington, 9 Jiye, 2024.

Prezidan Biden te eksprime gwo enkyetid ak enterè ki genyen pou pwoteje ak ede Ikrèn pandan konfli sa a.

Pandan diskou ouvèti somè 9 jiyè a, Biden te eksprime anpil volonte, premye a se enpòtans pou Òganizasyon Trete Nò Atlantik kontinye kenbe chak eta manm responsab, kòmanse anba administrasyon Trump la, Amerik te adopte yon mantalite poutout moun peye pati pa yo.

Sa a te yon bagay Biden te adrese pèsonèlman. Li te note ke lè li te premye rantre biwo oval, sèlman 9 nan trant eta manm yo te peye 'dèt yo'.

Yo atann pou chak nasyon manm separe 2% nan GDP yo sou defans, ak 20% nan finansman sa a dwe asiyen nan teknoloji defans modèn. Kounye a, anba administrasyon Biden kantite peyi manm ki respekte quota yo soti 9 monte nan 23. Avèk atant pou moun ki dèyè yo ratrape.

Konsènan Ikrèn, Biden te note ke Etazini planifye kontinye voye èd ak zam nan Ikrèn, ankouraje lòt nasyon yo fè menm bagay la.