Accessibility links

Breaking News

Avoka Akizasyon an Akize Aktè Alec Baldwin Dèske li se yon Pouryanis Vizavi Koze Sekirite


Akte Alec Baldwin pale ak madanm ni, Hilaria Baldwin pandan dewoulman pwose li nan Santa Fe, Nouvo Meksik, 10 Jiye, 2024.
Akte Alec Baldwin pale ak madanm ni, Hilaria Baldwin pandan dewoulman pwose li nan Santa Fe, Nouvo Meksik, 10 Jiye, 2024.

Avoka Akizasyon yo eseye prezante aktè Alec Baldwin tankou yon moun ki pa okipe règleman e ki pa tèlman preokipe pa mezi sekirite - premye jounen pwosè li nan eta Nouvo Meksik. Yo akize misye nan dosye asasina yon sineyas.

Mèt espesyal Erlinda Ocampo Johnson refere a Baldwin plizyè fwa tankou yon moun kap jwe "ann pretann" ak yon revolvè sou sèn film ki rele "Rust" la.

Avoka a di sa te debouche sou gwo danje ak lanmo sineyas Halnya Hutchins.

Avoka Baldwin limenm, Alex Spiro di manm juri a ke aktè a te sèlman te fè sa aktè toujou fè - aji tankou pèsonaj li tap jwe nan film nan.

Avoka a dekri lanmo sineyas la tankou yon "trajedi ke li pa gen bouch pou l dekri" men ke Baldwin pat komèt okenn krim.

XS
SM
MD
LG