Izrayèl Mande 'Tout Moun Gaza' Kraze yon Kite sa pou Sid la

Yon tigason Palestinyen blese nan bonbadman Izrayelyen Bann Gaza a epi resevwa swen nan lopital Khan Younis la, 9 Jiye, 2024.

Lame Izrayèl ankouraje tout Palestinyen pou yo pati kite Gaza siti epi pran direksyon sid la.

Lòd evakyasyon an endike Izrayèl ap pouse pou pi devan ak yon nouvo ofansiv atravè nò a, sid la ak sant Gaza kote plizyè douzèn moun mouri pandan 48 hè ki pase yo.

Ogmantasyon nan aktivite militè yo vini nan moman medyatè Ameriken, Ejipsyen ak Kataryen ap rankontre responsab Izrayelyen yo nan vil Doha nan Katar kote yap diskite sou yon plan seselfe ak gwoup militan Hamas la.

Izrayèl enfòme moun Gaza de lòd evakyasyon an ak trak li lage toupatou Mèkredi kote li ankouraje "tout moun Gaza Siti" pou yo pran 2 wout sekirize pou al nan sid la, pi presizeman nan vil santral ki rele Deir al Balah a.