Larisi: Nèg Ak Zam Touye Plis Pase 15 polisye, Plizyè Sivil nan rejyon sid Dagestan

In this grab taken from a handout footage on June 24, 2024, Dagestan region governor Sergei Melikov visits a burned out synagogue, which was attacked by gunmen, in Derbent. (AFP photo / administration of the head of Russia's Dagestan Republic)

Nèg ame ouvè kout zam sou yon sinagòg, yon legliz òtodòks ak yon pòs polis nan atak ki fèt nan 2 vil nan Dagestan ki nan rejyon nò Kokaz nan LaRisi ayè dimanch la, kote yo touye pou pi piti 15 ajan polis, dapre sa chef rejyon an, Sergei Melikov, anonse.

Atak yo te fèt an menm tan nan vil Makhachkala ak Derbent, 3 mwa apre 145 moun te pèdi lavi nan atak sou yon sal konsè toupre Moskou, atak ke gwoup Eta Islamik la te revandike, e sete pi move atak teworis ki fèt nan LaRisi depi dèz ane.

Pesonn pa revandike touswit responsablite pou atak yo nan rejyon Nò Kokaz la ki toujou chofe.

Melikov di ke pami mò yo, anplis de polisye yo, gen plizyè sivil, pami yo yon prèt òtodòks ki te travay nan Derbent pandan plis pase 40 lane.

6 nan nèg ame yo pèdi lavi anba bal pandan ensidan an, dapre Melikov. Ajans nouvèl leta ris yo site pawol Komite Nasyonal Kont Teworis la ki fè konnen se 5 nèg ame ki tonbe.