Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Inyon Ewòp Avèti sou Posiblite pou Lagè Gaza a laji

European Union High Representative for Foreign Affairs and Security Policy Josep Borrell attends a plenary session at the Summit on peace in Ukraine, at the luxury Burgenstock resort, near Lucerne, on June 16, 2024.

Otorite Etazini ak Inyon Ewòp la avèti sou posiblite pou lagè Gaza a laji, kote ka gen yon ofansiv israelyen kont gwoup militan Hezbollah ke Iran apiye.

Chèf politik Inyon Ewòp la Josep Borrell di jounalis yo jodi lendi a nan Luxembourg ke risk pou lagè a debòde a ap viv pi gwo chak jou.

Li di tou ke gen bezwen dezespere pou gen yon kanpo nan lagè Gaza a pou fasilite antre èd imanitè, e li di tou ke “livrezon asistans imanitè nan Gaza vin enposib.”

Borrell pale konsa kèk èdtan apre kèk gwo ofisye militè te avèti ke yon ofansiv izraelyen nan Liban ta ogmante risk pou gen yon konfli pi laj ki ka pouse Iran al ede Hezbollah.

XS
SM
MD
LG