Accessibility links

Breaking News

Gaza: Sa ki pwal Rive pou Akò Seselfe a Depann de Netanyahu ak lidè Hamas la


In this combination image, Hamas' leader in Gaza, Yahya Sinwar, speaks on April 13, 2022, in Gaza City, left, and Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu speaks on June 18, 2024, in Tel Aviv.
In this combination image, Hamas' leader in Gaza, Yahya Sinwar, speaks on April 13, 2022, in Gaza City, left, and Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu speaks on June 18, 2024, in Tel Aviv.

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Sa ki pwal rive nan pwopozisyon pou bal sispann chante nan Gaza a depann de 2 lidè, ki se Premye Minis Izraelyen Benjamin Netanyahu ak lidè Hamas la nan Gaza, Yahya Sinwar.

Chak nan lidè yo ap fè fas a gwo presyon politik ak presyon pèsonèl ki ka enfliyanse desizyon y ap pran.

E ni youn ni lòt pa sanble gen mache prese bò kote yo pou fè bak sou kèk ekzijans pou yo mete yon fen nan lagè sa ki deja gen 8 mwa, e pami pwopozisyon ki nan akò sa gen liberasyon otaj ke Hamas te pran nan atak 7 oktòb 2023 a.

Hamas aksepte gran liy yo nan plan an men li mande pou gen "amandman" ladan. Netanyahu te pale piblikman sou kèk aspè nan akò a, menm si Etazini prezante li kòm yon plan Izraelyen.

XS
SM
MD
LG