Accessibility links

Breaking News

Biwo dwa moun Nasyon Zini Di Izrayèl Vyole Tout Prensip Fondamantal Sou Lwa Lagè

CORRECTION / Smoke billows during Israeli bombardment on the village of Khiam in south Lebanon near the border with Israel on June 19, 2024 amid ongoing cross-border tensions as fighting continues between Israel and Hamas in the Gaza Strip.

Biwo dwa moun Nasyon Zini an deklare ke frap ke Izrael ap fè sou Gaza yo ka vyole anpil fwa prensip fondamantal sou lwa lagè.

Yon rapò ki parèt ayè mèkredi a ekzaminen 6 frap aeryen ke Fòs Defans Izrayèl lanse ant Oktòb ak Desanm 2023 nan premye semènn lagè a yo nan Gaza.

Biwo dwa moun nan konfimen ke 200 moun te pèdi lavi nan frap aeryen sa yo ki te vize antwot bilding rezidansyèl, yon lekol, yon mache ak yon kan refijye.

Wo Komisè l-ONU pou Dwa Moun Volker Turk di sanble Izrael pa fè okenn efò pou chache byen distenge ant sivil palestinyen ak konbatan Hamas nan kanpay bonbadman li a nan Gaza.

Turk di Lwa entènasyonal pwoteje lavi sivil ak enfrastrikti e ke pati ki enplike nan konfi ame gen obligason byen klè pou yo mete pwoteksyon pou sivil kòm priyorite.

Rapò a pale de 6 atak ak dronn ki sanble te fèt ak bonm lou ki peze ant 113 ak 907 kilogram.

XS
SM
MD
LG