Accessibility links

Breaking News

Lidè Hezbollah Lanse Avètisman Si Lagè Pete Ant Izrayèl ak Hezbollah Okenn Kote pap Gen Sekirite Ann Izrael


An image grab taken from Hezbollah's al-Manar TV on June 19, 2024, shows Hezbollah chief Hassan Nasrallah giving a televised address from an undisclosed location in Lebanon.
An image grab taken from Hezbollah's al-Manar TV on June 19, 2024, shows Hezbollah chief Hassan Nasrallah giving a televised address from an undisclosed location in Lebanon.

Hassan Nasrallah, ki se lidè Hezbollah nan Liban, avèti ayè mèkredi a ke okenn kote p ap gen sekirite ann Izrael si lagè pete ant peyi a ak gwoup militan libanè a.

Nazrallah di nan yon diskou ki pase sou televizyon ke Hezbollah ki gen apui Izrael gen yon lis kote ke li ka vize ak presizyon si batay tanzantan ant 2 lènmi yo tounen yon pi gran konfli.

‘’Okenn kote p ap gen sekirite anba misil nou ak dronn nou’’ ann Izrael, se pawol Nazrallah.

Madi a, Hezbollah pibliye sa li di ki se yon video ki bay lye sansib yo byen fon andan Izrael.

Yon lòt kote, fòs Izrael pilonnen kèk zonn nan Gaza pandan lannwit yè swa, kote yo touye 3 moun epi blese plizyè douzèn lòt, dapre teknisyen medikal yo, pandan tank t ap antre pi fon nan sid Rafah.

XS
SM
MD
LG