Melinda French Gates Pral Fè Kado $1 Milya pou Apiye Pouvwa Medam yo

Foto Achiv: Ko-direktris Fondasyon Bill & Melinda Gates la, Melinda French Gates, pwononse yon diskou nan Washington, 13 Avril, 2023.

Melinda French Gates fè konnen li pral fè kado $1 milya pandan 2 ane kap vini yo pou endividi ak oganizasyon kap travay pou fanm ak fanmi globalman. Pami yo gen moun kap defann dwa medam yo genyen pou fè pitit ak jete pitit Ozetazini.

Madan French Gates se youn nan pi gwo filantròp ki apiye egalite medam yo ak mesye yo Ozetazini.

Nan yon atik li ekri pou jounal New York Times, ke yo pibliye Madi, li di li fristre pandan ane ki pase yo pa moun ki di lè a pa pwopis pou pale de egalite sèks yo.

Madan French Gates di pandan semèn ki pase yo, li kòmanse dirije òganizasyon li Pivotal Ventures pou li kreye yon nouvo seri don.