Jitis: Trump Di Se yon 'Jou Danjere pou Amerik' nan kad Fen Pwosè Kriminèl li Nan New York

Devan tribinal la New York avan pwosè li te ale nan agiman final nan pwosè kriminèl li a, ansyen prezidan Donald Trump deklare ke se "yon jou danjere pou Amerik la".

Ansyen prezidan an, k ap fè kanpay pou l retounen nan Mezon Blanch lan, yon lòt fwa ankò pini " jijman ki pa ta dwe fèt" e li atake jij Juan Merchan ki prezide pwose a, ke Trump trete de "kowonpi".