Eskonbrit Pete an Lapolis ak Manifestan Kap Mande Retou Otaj Izrayelyen yo nan Gaza

Manifestan mete dife pandan yon manifestasyon kont gouvenman Premye Minis Benjamin Netanyahu epi pou mande liberasyon otaj Hamas kenbe yo nan Tel Aviv, 26 Me, 2024.

Eskonbrit pete an lapolis Izrayelyen ak manifestan nan Tel Aviv apre plizyè milye moun te pran lari pou pwoteste kont gouvènman an epi mande poul mennen tounen lakay yo otaj Hamas kenbe nan Gaza yo.

Kèk nan manifestan yo te pote foto sòlda fanm ki te parèt nan yon videyo pi bonè nan semèn nan ke yo te anrejistre yon ti tan apre militan Hamas yo te pran yo an otaj nan atak 7 Oktòb la.

Yon lòt kote, Samdi yon ti bato militè Ameriken ak sak sanble mosso yon pon te chwe sou yon paj tou pre vil Ashdod nan sid Izrayèl, pa lwen ak yon pon Etazini konstwi kote lame Izrayelyèn di asistans imanitè tap antre sou teritwa Palestinyen an.