Nikki Haley Di Li Pra l Vote Pou Trump Nan Eleksyon Jeneral yo

Election 2024 Haley

Nikki Haley di ayè mèkredi a li pwal vote pou Donald Trump nan eleksyon jeneral mwa Novanm nan, yon sipò ki fè moun sezi lè yo sonje move chire-pit li ak Trump, lè len te konn atake pèsonalite lòt nan kous eleksyon primè a.

Men Haley te moutre klè tou ke li santi ke Trump pwal oblije travay pou atire moun ki te sipòte li yo nan eleksyon primè a e ki kontinye lage bilten pou li.

“Mwen pwal vote pou Trump, » se sa Haley, ansyen anbasadè Trump nan l-ONU, deklare nan yon aktivite nan Enstiti Hudson nan Washington. Li di tou, “Mwen kanpe dèyè sa m te di nan diskou pou sispann kanpay mwen. »

Haley te mete fen nan pwòp kanpay li pou nominasyon pati Repiblikenan sa gen 2 mwa men li pa te di touswit ke li ap andose Trump ke li te akize kòmkwa li pa wè enpòtans alyans Etazini yo ak lòt peyi, e li te poze kesyon sou laj Trump, 77 lane, kòmkwa li twò granmoun pou li prezidan ankò.