Repiblik Dominikèn: Prezidan Luis Abinader ap Mennen nan Sondaj sou Eleksyon Prezidansyèl la

El presidente de República Dominicana, Luis Abinader, dió su última conferencia de prensa en el Palacio Nacional, previo a los comicios generales del 19 de mayo.

Dapre sondaj sou eleksyon ki gen pou fèt Dimanch sa a, prezidan dominiken sòtan an Luis Abinader ki pral cheche yon dezyèm manda katran, li devan nan kous la, kote li konte sou bon dosye li nan ekonomi pou tan li pase nan tèt peyi a, e sitou sou detèminasyon li ap femte li – parapò ak opinyon li sou dosye Ayiti.

AFP te pale sou eleksyon an ak analis politik Rosario Espinal ki fè konnen ke Abinader "sou wout pou li re-eli san pwoblèm", pa selman nan kous prezidansyèl men tou nan lesjilatif.

Nan eleksyon sa ki pral fèt la 8 sou 11 milyon dominiken gen pou al nan biwo vòt yo pou chwazi kandida yo vle a.

Dapre dènye sondaj Gallup la, Abinader, ki gen 56 an, ka ranmase 60% vwa, devan ansyen prezidan Leonel Fernandez (1996-2000; 2004-2012) ki ka pran 25%, e ki te fini twazyèm an 2020, ak Abel Martinez ki ka pran 13%.

Madam Espinal eksplike ke Abinader "pale de mezi ki te plis ba li popilarite," tankou èd sosyal, nivo chomaj la ki bese ak sitou kesyon migrasyon ak Ayiti.

Politik li ak Ayiti tou te resevwa gwo sipò, dapre sondaj yo.

Depi li te moute sou pouvwa a, Mesye Abinader ogmante operasyon ak ofansiv kont imigrasyon ilegal, pimpe tounen plis Ayisyen (plis pase 250,000 an 2023), bati yon miray sou fwontyè a epi bloke imigrasyon ki ap soti nan peyi vwazen an, ki ap soufri anba yon kriz politik ak imanitè.

E kriz la vin pi grav akoz vyolans gang yo ki kontwole yon gwo moso nan teritwa a.

Mesye Abinader te pale nan yon deba, sa gen twa semèn, pou di "Nou pral kontinye pimpe tounen imigran ilegal yo”.

Advèsè li, Fernandez, dakò ak aktyèl prezidan an kote li di "Se dwa nou pou nou fè sa," e yo tou le 2 kritike presyon entènasyonal ki mande yo akeyi Ayisyen sou tèritwa yo a.