Biden Lanse Yon Defi Bay Trump Pou 2 Deba Prezidansyèl

  • Serge Michel

Election 2020 Trump Biden

Prezidan demokrat Joe Biden lanse yon defi bay ansyen prezidan repibliken Donald Trump Mèkredi 15 me 2024 la pou yo fè 2 deba prezidansyèl televize nan mwa jen ak septanm, e Trump rapidman aksepte defi a.

Sepandan, Biden te evite patisipe nan 3 deba komisyon “bipatit”(ki reyini manm 2 pati yo) deba elektoral la , kote li te prefere pito 2 afwontman san piblik medya yo te ka òganize

Biden te di nan yon videyo sou X, "Donald Trump te pèdi 2 deba devanm an 2020. Depi lè sa a, li pa janm patisipe nan youn nan deba yo. Kounye a li ap aji tankou li vle fè deba avèm 'ankò."

"Mwen pral fè deba ak li 2 fwa."

Biden pase Trump nan rizib parapò ak pwosè kriminèl otorite New York yo ap mennen kont li, kote jijman yo pran yon poz jodi mèkredi a, e li ajoute: "Se konsa, ann chwazi dat Donald. Mwen tande ou lib Mèkredi."

Trump dakò fè deba ak Biden, li di li "pare pou l fè lòbèy !!!"

Donald Trump aksepte defi Prezidan Joe Biden nan Mèkredi pou l debat 2 fwa anvan eleksyon Novanm nan.

"Mwen pare," Donald Trump te ekri sou rezo Sosyal Truth Social li a. "Ann al Twoke kòn nou!!!".