Accessibility links

Breaking News

Biden Ogmante Tarif Sou Pwodwi Eletrik Chinwa


Biden
Biden

Nan yon efò pou relanse faktori nan peyi Etazini, Prezidan Joe Biden anonse madi ke li ap enpoze yon gwo ogmantasyon tarif sou machin elektrik chinwa ak nouvo taks sou semi-kondiktè, selil solè ak batri lithium-ion.

“Nou pa pwal kite LaChin inonde mache nou an pou fè li enpposib pou oto ameriken yo – fabrikan oto yo – fè konpetisyon onèt,” se pawol Biden ki di ankò “M ap fè sa an akò ak lwa sou komès entènasyonal.”

Tarif sou veyikil elektrik, ki rele tou EV, pwal miltipliye pa 4 pou rive 100 pousan. Enpòtasyon selil solè ak semi-kondiktè ki soti an Chin pwal anba yon tarif 50 pousan, ki se 2 fwa jan sa ye kounye-a. Tarif sou kèk enpòtasyon asye ak aliminyòm pwal moute pou rive 25 pousan, plis pase 2 fwa jan li ye kounyea.

Tarif sou oto elektrik, asye ak aliminyòm ak selil solè ap koumanse ane sa a, e sou semi-kondiktè se pou lòt ane.

--

XS
SM
MD
LG