Accessibility links

Breaking News

Cohen Di li Te Konn Repare Erè Trump


Michael Cohen leaves his apartment building on his way to Manhattan criminal court in New York City, May 14, 2024.
Michael Cohen leaves his apartment building on his way to Manhattan criminal court in New York City, May 14, 2024.

Michael Cohen, ansyen avoka Donald Trump ki te konn repare erè ansyen prezidan an, te retounen nan kare temwen an ayè madi a, kote li te fini temwayaj sou pawòl kòmkwa Trump te òdone li kenbe sekrè 130.000 dola ke li te peye pou achte silans vedèt porno Stormy Daniels sèlman kèk jou anvan eleksyon 2016 la.

Avoka defans Trump, Todd Blanche, ki t ap kesyone Cohen, te prezante li kòm yon nèg ki te fidèl ak Trump, e ki, pandan dèz ane, te fè tou sa Trump te vle anvan li te vire kont ansyen prezidan an an 2018.

E Blanche di ke kounyea, Cohen gen yon pwoblèm ak Trump ki domine l, kote li ap fè lajan nan vann machandiz ki kont Trump, ak liv ke li ekri sou Trump, e ke li sanble gen entansyon vanje kont Trump poutèt ansyen prezidan an te vire do ba li.

Blanche te mande Cohen, “eske ou vle pou yo kondane Prezidan Trump nan dosye sa a?

Cohen te reponn « Pa gen dout sou sa. »

Si li koupab, yo ka mete l nan pwobasyon oubyen yo ka ba li santans jiska 4 lane prizon.

XS
SM
MD
LG