Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza

  • Serge Michel

TOPSHOT - Boys watch smoke billowing during Israeli strikes east of Rafah in the southern Gaza Strip on May 13, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by AFP)

Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.

Temwen rapòte batay nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, e yon pati nan twoup izraelyen yo tounen pou goumen kont sa lame a di ki se yon efò Hamas pou li re-òganize fòs li.

Kèk rezidan rapòte tou plis frap aeryen ak plis atak atè nan Rafah, toupre fwontyè ak Ejip.

Depatman Deta ameriken di ayè dimanch swa ke Sekretè Deta Antony Blinken te diskite sou “opozisyon Etazini kont yon gwo operasyon militè atè nan Rafah” lè li te pale nan telefòn ak Minis Defans Izraelyen Yoav Gallant.

Apeprè 300.000 sou 1.300.000 Palestinyen ki te al refijye nan Rafah resevwa lòd pou yo evakye ankò.