Accessibility links

Breaking News

Presyon Entènasyonal Kont Ofansiv Izrayèl nan Rafah


Aftermath of an Israeli strike on a house, in Rafah
Aftermath of an Israeli strike on a house, in Rafah

Jodi mèkredi a gen nouvo presyon entènasyonal kont ofansiv Izrayèl nan vil Rafah nan sid Gaza, kote Katar ak Inyon Afriken an ap eksprime enkyetid pou kriz imanitè a pa vin pi grav.

Katar se youn nan prensipal medyatè ki ap bat pou jwenn yon kanpo nan lagè ant Izrayèl ak Hamas la, e jodi mèkredi a li di ke nenpòt deplasman fòse pou fè sivil kite Rafah, se ap yon vyolasyon grav kont lalwa entènasyonal.

Ministè afè etranjè Katar la kondane frap izraelyen yo sou Rafah e li mande yon “aksyon entènasyonal ijan” pou anpeche fòs izraelyen yo anvayi vil la.

Alatèt Inyon Afriken an Moussa Faki Mahamat mande kominote entènasyonal la pou li travay ansanm pou anpeche konfli a eskalade e detwi lavi anpil moun. Li moutre enpòtans zonn nan pou èd imanitè ka antre nan Gaza.

XS
SM
MD
LG