Pouvwa Palestinyen an mande Washington pou "anpeche" Izrayèl Fè yon "Masak" nan Rafah

Israel Palestinians Cease Fire Glance

Otorite Palestinyen an mande Etazini Lendi pou anpeche lame Izraelyen an fè envazyon nan Rafah, e li lanse apèl tou pou mande rezidan plizyè katye nan sid Gaza pou yo evakye.

Ajans nouvèl ofisyèl palestinyen an Wafa site pawòl Prezidans Palestinyen an, ki presize ke li ap miltipliye diskisyon san rete ak patnè entènasyonal li yo sou kesyon sa a. Li deklare : "Nou mande gouvènman Ameriken an pou li entèvni pou anpeche masak sa a, e nou avèti ke sa pral gen konsekans danjere".