Accessibility links

Breaking News

Lame Izrayèl La Di Moun nan Lès Rafah Ta Dwe Ale nan Zònn Imanitè


Smoke rises following Israeli strikes, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian Islamist group Hamas, in Rafah
Smoke rises following Israeli strikes, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian Islamist group Hamas, in Rafah

Lame Izrayèl la fè konnen jodi lendi a moun nan kèk zonn nan lès Rafah ta dwe ale nan sa lame a rele yon pwolonjman zonn imanitè a ki kounyea gen ladann Khan Younis, yon aksyon ki vini anvan yon ofansiv ke Izrayèl planifye pou li fè nan Rafah.

Yon pòtpawol Fòs Defans Izrayèl ki poste yon mesaj sou media sosyal nan lang Arab, di ke lame Izrayèl la pwal aji ak fòs kont òganizasyon teworis yo nan Rafah, e ke nenpòt moun ki nan zonn nan ap mete lavi yo an danje.

Izrayèl ap pare sa li rele yon operasyon limite nan Rafah, pou repete yon pòtpawòl militè, e yon afè 100.000 moun resevwa lòd pou yo evakye zonn nan.

XS
SM
MD
LG