Biden ap Vizite Zòn Kote Pon an Kraze nan Baltimore

Foto Achiv: Yon pati pon Francis Scott Key ki kraze a, 3 Avril, 2024.

Prezidan Joe Biden ap wè ak pwop je pa li, jefò kap fèt nan vil Baltimore pou wetire mòsso pon Francis Scott Key ki efondre a nan flèv la pou bato ka pase.

Gen gri, bato ak dayiva kap travay pou relouvri youn nan prensipal vwa maritim peyi Etazini.

Prezidan Biden ap rankontre fanmi 6 moun ki mouri lè pon an kraze a Vandredi.

Netwayaj ak rekonstriksyon pon an pote avèl kèk gwo konsekans ekonomik ak politik.

Malgre gouvènman federal la pase a l aksyon rapidman pou debloke fon pou tanmen rekonstriksyon an, Lamezonblanch mande Kongrè a apwouve yon sèl kou tout lajan yap bezwen, san li pa oblije mande lajan dijans separeman.

Kokis Libète Chanm Depite a (Freedom Caucus) reponn pou di finansman konsa pral vini ak kondisyon.