Accessibility links

Breaking News

Pi Fò Viktim Efondman Pon Baltimore la Sete Latino Ameriken


Foto Achiv: Maynor Yassir Suazo Sandoval an 2018. (Foto koutwazi Martin Suazo Sandoval - fre li)
Foto Achiv: Maynor Yassir Suazo Sandoval an 2018. (Foto koutwazi Martin Suazo Sandoval - fre li)

Anketè yo kòmanse koleksyone prèv nan bato kago ki te frape pon Francis Scott Key Baltimore la epi fè l efondre.

Pandansetan dayiva ap chache nan dlo a, 6 travayè konstriksyon ki tap travay sou pon an lè li te plonje desann nan rivyè a.

Otorite yo jwenn kadav 2 viktim Mèkredi. Yo prezime rès yo mouri.

Wes Moore se gouvènè eta Maryland.

"Jodia se yon jou enpotan, fòk nou rekonèt moman nap travèse a. Epi jodia nap panse ak fanmi Dorlian Castillo Cabrera ak Maynor Yassir Suazo Sandoval, ke nou jwenn epi idantifye yè. Nou lapriyè pou fanmi yo ak fanmi tout viktim efondman pon Key la. Kè nou ak fanmi yo - nou chagren anpil pou trajedi sa a."

Viktim yo se moun Meksik, Guatemala, Onduras ak Salvadò, dapre sa otorite yo fè konnen.

Maynor Yassir Suazo Sandoval, 39 an sete pitit pi jèn pami 8 timoun fanmi li. Li se moun Azacualpa, yon bouk nan morn Onduras tou pre fwontyè Guatemala.

Sa gen 18 an desa, li tal Etazini pou chache opotinite.

Li te antre Ozetazini ilegalman epi tabli kò li nan Maryland kote evantyèlman li te louvi yon biznis ak frè li yo, Martin Suazo Sandoval fè konnen Mèkredi.

Li dekri frè li tankou yon nèg ki fò nan biznis epi travay di.

"Li te yon poto-mitan fondamantal fanmi an ki te pèmèt manm fanmi an vwayaje Etazini jwenn viza, tout bagay. Se limenm ki te jere tout vwayaj pi majorite fanmi an."

Sandoval di se nan granm maten li te aprann nouvèl aksidan an.

"Frèm te konn naje e nou gen espwa ki li tap kapab sove tèt li, men nap tann nouvèl ofisyèl sou sak pase egzakteman."

Misye di tout fanmi an devaste, sitou manman li.

Pon Francis Scott Key a, ki kraze net apre yon bato kago fe kolizyon ave l nan Baltimore, Maryland, 26 Mas, 2024.
Pon Francis Scott Key a, ki kraze net apre yon bato kago fe kolizyon ave l nan Baltimore, Maryland, 26 Mas, 2024.

Gen 3 Meksiken ki te sou pon an lè li tonbe a, pami yo, youn ki te blese ak 2 lot ki disparèt.

Ministè afè etranje Guatemala a konfime li gen 2 sitwayen li ki pami moun ki disparèt sou pon an.

Minis afè etranjè Salvado, Alexandra Hill Tinoco pibiye yon mesaj sou rezo X Mèkredi kote l di yon sitwayen Salvadoryen, Miguel Luna te pami travayè ki disparèt yo.

Pandansetan, nan Baltimore sitwayen yo ap eseye jere gwo chok yo pran pa rapo ak yon mwayen transpo kle yo konn itilize chak jou.

Dezas la lakoz pò Baltimore la fèmen tou, sa ki gen gwo enpak ekonomik sou tout moun ki sèvi avè l.

XS
SM
MD
LG