Chèf Jose Andres di Izrayèl Sible 'Sistematikman' Anplwaye ONG li nan Gaza

Chef Jose Andres, fondate World Food Kitchen (WCK) - kivledi Kuizin Mondyal la - pandan yon entevyou ak ajans nouvel Reuters depi lakay li sou kot es eta Maryland, 3 Avril, 2024.

Chef Jose Andres, fondatè ONG World Food Kitchen ki gen 7 anplwaye ki mouri nan yon frap Izrayelyen nan Gaza, di ajans nouvèl Reuters nan yon entèvyou Mèkredi Israyèl sible ONG a "sistematikman".

" Li te vinn klè lè nou te resevwa imaj kadav yo ak paspo yo nan lopital ki konfime sete anplwaye nou. Nou konnen sa tout moun konnen ke 7 anplwaye ansanm ak gad sekirite yo - 3 Britanik 3 anplwaye entènasyonal ak yon Palestinyen - yo te sible yo sistematikman machin pa machin.

"Yo atake premye machin nan- nou toujou ap eseye jwenn plis enfomasyon sou sak pase premye machin nan. Nou kwè yo te jwenn mwayen chape sen e sof paske yo te nan yon blende, yo te ka ale nan dezyem blende a - Izrayel frape l - yo deplase ale nan yon twazyèm blende - pandansetan yo tap eseye rele pou mande sekou - men nan kawo sak tap pase a - yo tap eseye mande IDF (fos defans Izrayel) poukisa yap sible yo nan yon zon non konba, ke IDF kontwole - yo te konnen ekip nou te sou wout sa a ak 3 machin epi yo frape twazyem machin nan e nou wè konsekans frap sa a. 7 moun mouri. Men yo se 7 met sou pliske 190 travayè imanitè yo touye nan Gaza pandan 6 mwa ki pase yo."

Jose Andres di li poko konnen si se 3 moun ke yo te sible ke yo te kontinye eseye touye jiskaske tout moun mouri - men li di evenman an pase sou yon espas 1,8 kilomèt donk se pa yon erè yo fè - li di te gen gwo afich byen kolore ki di klèman se machin ONG a - ki pou limenm siyifye yo te fè ekspre sible yo.

" Map eseye konprann si sete yon atak visye. Ke se pa yon moun ki pap soufri konsekans. Ki deside touye nou pou - m pa konnen - paske mwen pibliye yon Tweet ki kritike sevèman Netanyahu. M pa konnen. Byen antandu se poutèt sa nou bezwen yon ankèt ki neut ke IDF pa kontwole.

Sa m konnen se ke yo te sible nou san gade dèyè jiskaske tout moun nan konvwa a te mouri. "


Etazini ak kominote entenasyonal la kondane atak la. Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu ak Minis Defans Izrayel la admet responsabilite epi pwomet pou mennen yon anket transparan sou atak la.

Pandan konferans pou laprès Nasyonzini an Madi nan Nouyòk, pòt pawòl sekretè jeneral la, Stephane Dujarric te siyale ke atak kont ONG World Food Kitchen nan se dènye nan yon seri atak ki sible travayè imanitè nan Gaza - pami yo sa kap travay pou ajans LONU tankou: UNRWA UNDP, OIM, ak World Food Programme (Pwogram Alimantasyon Mondyal). Misye moun sa yo tou tap vwayaje nan zòn non-konba byen deziye.

ONG World Food Kitchen gen kòm misyon pou nouri moun toupatou nan mond lan kote ki gen konfli oubyen dezas natirel. Chef Jose Andres se fondate li. Misye te tanmen jefo a an 2010 apre li te vwayaje Ayiti ak madanm ni Patricia pou nouri Ayisyen apre gwo tranbleman de te ki te frape peyi a.

Misye gen restoran toupatou nan mond lan ki resevwa 2 zetwal Michelen. (Se pi pri pi prestije yon chef kap kuit manje ka resevwa nan domen entenasyonal la). An 2015, Prezidan Barack Obama te remet ba li Meday Nasyonal Imanite a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters. Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a.