Paris: Antony Blinken Rankontre Minis Afè Etranjè Franse a

  • Serge Michel

U.S. Secretary of State Antony Blinken, left, shakes hands with French Foreign Minister Stephane Sejourne during a joint press conference at the Ministry of Foreign Affairs in Paris, France, April 2, 2024.

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken rankontre jodi madi a ak minis afè etranjè ak minis defans franse nan kad yon vizit ki, dapre Depatman Deta, ta gen diskisyon sou sipò pou Ikrèn e sou efò pou anpeche lagè Izrayèl-Hamas nan Gaza a laji.

Pita jodi a, Blinken gen pou li fè chita-koze ak Prezidan franse a Emmanuel Macron.

Prensipal diplomat ameriken an te eksprime sipò Etazini pou UNESCO, Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti, lè li fè chita-koze ak Direktè-Jeneral UNESCO Audrey Azoulay.

Depatman Deta di ke efò pou mete estabilite ann Ayiti se ta yon yon lòt pwen nan kalandriye reyinyon otorite ameriken ak franse yo.