Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Touye Travayè Imanitè Gwoup Èd Kwizin Santral Mondyal

A Palestinian man rides a bicycle past a damaged vehicle where employees from the World Central Kitchen were killed in an Israeli airstrike, according to the NGO, in Deir al-Balah, Gaza Strip, April 2, 2024.

Gwoup èd Kwizin Santral Mondyal ki gen ti non an angle WCK di jodi madi a yon frap izraelyen touye 7 anplwaye li nan Gaza, e ke gwoup la kanpe sou travay li nan rejyon an touswit.

WCK di nan yon deklarasyon ke li te fin fè livrezon 100 tòn èd manje nan yon depo nan Deir al-Balah, e ke konvwa a, ki te gen 2 oto blende ki te moutre logo gwoup la, t ap kite depo a lè frap la te fèt la.

WCK di frap la te fèt malgre li te kòdone mouvman li ak lame Izrayèl la.

Pami moun ki mouri yo gen yon Palestinyen ak sitwayen Ostrali, Polòy, Grand Bretay ak yon moun ki gen doub sitwayènte Ameriken-Kanadyen, se sa gwoup la di.

Alatèt Kwizin Santral Mondyal la, Erin Gore, kalifye atak la kòm enpadonab. Li di : « Se pa yon atak sou WCK, se yon atak sou tout òganizasyon mondyal ki al ede nan yon sityasyon grav, kote manje ap sèvi kòm zam lagè. »

XS
SM
MD
LG