Gad Kòt ap Prepare yon Vwa Maritim Altène pou Bato Komèsyal Esyansyèl ka Rive nan Pò Baltimore la

Travaye komanse wetire yon seksyon pon Francis Scott Key ki efondre a, Dimanch 31 Mas, 2024 nan Baltimore, Maryland.

Otorite Ameriken yo fè konnen Gad Kòt ap prepare yon vwa altène kote bato esansyèl komèsyal yo ka pase, ki sitye tou pre pon Francis Scott Key ki kraze a.

Ekipaj yo deja komanse travay konplike pou wetire asye ak beton nan lye kote pon an efondre epi touye plizyè moun. Pon an tonbe nan Flèv Patapsco a apre yon bago kago te frape l semèn pase a.

Otorite yo dekri etablisman vwa maritim pwovizwa a nan kad plan pou re-louvri prensipal vwa maritim lan etap pa etap.

Yon videyo yo pibliye montre Gad Kòt la kap lage bouwe nan dlo a Dimanch.

Kapitèn David O'Connell ki se kowòdonatè federal la di jounalis yo se yon premye pa enpòtan nan plan pou relouvri Pò Baltimore la.

Yon lòt kote, mononk yon travayè konstriksyon ki mouri le pon an efondre pale ak jounalis Associated Press sou neve li. Wenceslao Contreras Ortiz di se nan jounal yo aprann nouvèl lanmò Alejandro Hernandez Fuentes.

Misye se yon papa pitit ki te gen 35 an, ki te tabli kò l nan eta Maryland. Kadav li se youn pami 2 sekouris yo rekipere nan Flèv la Mèkredi pase a.

Fanmi an deside antere l Ozetazini.

"Sè li bezwen asistans imanitè nan men gouvènman an pou vwayaje Etazini epi swete frè li yon dènye adye."

Gen yon sè ki te al viv Ozetazini, dapre sa mononk la di, men lòt la rete Meksik men li te gen kontak ak frè li pandan ane ki pase yo.

Tout viktim efondman pon an sete Latino Ameriken ki tap fè travay konstriksyon nan oman bato kago a frape l.

Yo te moun peyi Guatemala, Onduras ak Meksik ki te vinn rete nan eta Maryland.