Nasyonzini di 4 milyon moun fè fas ak “ensekirite alimantè grav” ann Ayiti

Children look through a fence at a shelter for families displaced by gang violence, in Port-au-Prince, Haiti, March 13, 2024.

Se nan yon konferans pou laprès sou entènèt, Jean-Martin Bauer te "bay kout kòn lanbi sou grangou nan peyi a" paske dènye ogmantasyon zak vyolans gang yo lakoz yon sityasyon malouk vin pi grav toujou pou popilasyon an e lakoz 15,000 moun kouri kite kay yo.

Sa fè kantite total moun ki kite kay yo ann Ayiti kounya depase 360.000, e Nasyonzini presize ke mwatye nan yo se timoun.