Depatman Deta: Etazini ap 'Veye Sityasyon Ayiti kap Evolye Rapidman'

Yon polisye pran pozisyon pou pwoteje tet li pandan yon operasyon anti-gang nan katye Potay la nan Potoprens, 29 Fevriye, 2024.

Yon pòtpawòl Depatman d Eta fè konnen Etazini ap veye de pre sityasyon Ayiti kap evolye rapidman.

"Fòk gen eleksyon lib e onèt pou peyi a avanse. Vyolans sèvi pou ranvwaye sèlman dat pou yon tranzisyon demokratik pandan li detwi lavi plizyè milye moun. Nou ankouraje tout aktè yo pou yo mete enterè Ayiti an premye epi fè tout konsesyon nesesè pou ka gen gouvènans enklisiv, eleksyon epi retablisman demokrasi.

VOA Kreyòl mande kisa Etazini pare pou fè fas ak sityasyon Ayiti a?

Pòt pawòl Depatman Deta a reponn pou di: "Nap planifye aktivman pou Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la (MSS) pou ede Fòs Polis Nasyonal la fè fas ak sityasyon ensekirite terib la. Amelyorasyon nan sityasyon sekirite a "kritik" pou ka gen eleksyon lib e onèt nan yon espas tan rezonab. Eleksyon se sèl chimen lijitim pou retabli lòd demokratik la ak stabilite an Ayiti. Nou kontinye apiye jefò pou jwenn yon desizyon sou ki chimen politik peyi a dwe pran pou avanse, ki gen patisipasyon pati enterese Ayisyen yo nan enterè pèp Ayisyen an, men pwogrè nan domèn sa a esansyèl.

Depatman d Eta refere nou a gouvènman Ayisyen an pa rapò ak kestyon pou konnen ki kote Premye Minis Ariel Henry ye.