Lame Izrayèl la di l ap Mennen Operasyon nan Prensipal Lopital Sid Gaza a

Lame Izrayèl la di li t ap mennen yon operasyon jedi andan prensipal lopital nan sid Gaza a, pandan responsab sante yo di kout zam izraelyen touye yon moun e blese plizyè lòt nan lopital la.

Yon deklarasyon Fòs Defans Izrayèl yo di lame a gen ransèyman ke li ka fè konfyans ki endike ke “Hamas te kenbe otaj nan lopital Nasser nan Khan Younis e ke ka gen kadav otaj nou yo nan enstalasyon lopital Nasser la.”

Fòs Defans yo repete akizasyon ke konbatan Hamas yo ap sèvi ak sivil palestinyen pou pwoteksyon, e yo te lanse yon pinga pou di moun pa pwoche sou lopital yo pou sekirite yo.

Medsen San Fwontyè kondane lòd evakyasyon an e fè konnen anplwaye li ap trete pasyan nan lopital la nan kondisyon ki prèske enposib.