Chanm Depite Etazini Enkilpe Mayorkas

Vot final nan Lachanm Depite Etazini pou enkilpe Sekrete Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas akoz fason administrasyon Biden nan mal jere fwontye ak Meksik la, 13 Fevriye, 2024.

Depite Lachanm Etazini vote pou enkilpe Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas akoz fason administrasyon an mal jere fwontyè Etazini-Meksik la.

Nan sa ki reprezante yon reprimann istorik de yon sekretè Kabinè a ki an fonksyon, majorite Repibliken Lachanm te sèmante pou l eseye enkilpe Mayorkas anko, apre premye tantativ li te echwe semèn pase a.

Vot Madi a te sere-sere, malgre arive Lidè Majorite Steve Scalise ki pat Washington depi plizyè semèn pou resevwa swen pou maladi kansè.

Prezidan Lachanm, Mike Johnson gen yon majorite tou mens, donk li patka kite okenn Repibliken vote kont rezolisyon an ni pa vote ditou.

Prezidan Joe Biden deklare enkilpasyon Mayorkas la se yon "zak ki pa konstitisyonèl, ki chaje ak pati pri e ki sible yon fonksyonè piblik onorab tou senpleman pou jwe jwèt politik ensiyifyan.