Avoka Biden: 'Se Yon Rapò ki Deraye'

Foto Achiv: Deklarasyon avoka pesonel Prezidan Joe Biden nan, sou yon dokiman Depatman Jistis la, 21 Janvye, 2023.

Avoka pèsonèl Prezidan Joe Biden di ayè dimanch-la, li te al pale ak ni avoka espesyal-la ni minis jistis-la pou eksprime enkyetid sou sa li wè kòm imilyasyon ak fouyapòt ki pa nesesè nan zafè memwa prezidan an.

“Se yon rapò ki deraye, » se Bob Bauer ki pale konsa nan pwogram Face the Nation, Fas ak Nasyon an, sou Chèn televizyon CBS, e li di “se yon travay ki fèt ak neglijans.”

Avoka espesyal la te mennen ankèt pou konnen si prezidan an te mal jere dokiman sekrè ki te nan men l lè li te senatè e pita vis-prezidan, e li jwenn, semenn sa a, ke pa gen ka pou lanse akizasyon kriminèl kont prezidan an.

Nan eksplike poukisa akizasyon pa nesesè, Avoka Espesyal Robert Hur, ke minis Jistis Merrick Garland te nonmen, di: “Msye Biden ta ka parèt devan yon jiri, menm jan ak lè nou te entèvyouwe l “kòm yon granmoun aje senpatik, ki gen bon entansyon men ki pa gen bon memwa.” Kòm ekzanp, rapò a di: Li ka pa sonje lè pitit gason li te mouri.

Biden te fache apre piblikasyon rapò a e li te di : « Kouman li fè oze di sa? Nan ki sa sa regade l?