Omwens 6 Konbatan Kurd Mouri nan yon Atak ak Dron nan yon Baz nan Siri ki Gen Twoup Ameriken

Foto sa a ke Ministe Defans la pibliye Dimanch 4 Fevriye montre yon avyon aviyasyon fwayal la kap tounen nan baz li apre atak kont sib Houthi yo nan Yemen.

Yon atak ak dron ki vize yon baz kote solda Ameriken rete nan es La Siri lakoz 6 konbatan alye Kurd mouri Dimanch swa.

Fòs Demokratik Siryen an ke Kurd yo dirije deklare Lendi atak la te vize yon kan fòmasyon nan baz al-Omar la, ki sitye nan pwovens Deir-el-Zour nan es peyi a. Yo di se la inite komando fòs yo resevwa fòmasyon.

Okenn solda Ameriken pa mouri nan atak la.

Yon gwoup ki rele Rezistans Islamik Irak la ki lye ak Iran, pibliye yon videyo kote li di se limenm ki lanse atak la. Videyo a montre manm gwoup milite sa a kap lanse yon dron depi yon kote yo pa presize.

Nan fen mwad Janvye a, yon atak ak dron gwoup sa a te lanse te touye 3 solda Ameriken epi blese plizye dizen lot nan yon baz ki sitye nan deze peyi Jodani.