Biden di Li Deside Kijan Etazini Pral Reponn Atak ki Touye 3 Sòlda Ameriken nan Jòdani

Prezidan Joe Biden pale ak lapres anvan li monte abo elikopte Marine One depi gazon Sid Lamezonblanch la nan Washington, Madi 30 Janvye 2024.

Prezidan Joe Biden di li deja finn deside kijan Etazini pral reponn atak avèk dron nan Jòdani ki te lakoz 3 Rezèvis lame Ameriken te pèdi lavi yo.

Sepandan nan pale li ak jounalis yo anvan li te monte nan elikoptè prezidansyèl la, Biden derefize bay okenn detay sou kijan Etazini pral reponn.

Atak ak dron nan ki fèt pandan wikèn nan kont yon baz Ameriken nan Jòdani, tou pre fwontyè La Siri te lakoz 40 moun te blese.

Lè jounalis yo mande l kijan repons la pral diferan ak fason Etazini te reponn zak agresyon gwoup Iran apiye yo Biden te reponn - "Nou pral wè."

"Mwen pa kwe nou vle we lage a gaye pi plis nan Mwayen Oryan an. Se pa sa map chache. "

Pòtpawòl Konsèy Nasyonal Sekirite, John Kirby, a fè konnen prezidan an te pale ak fanmi 3 sòlda ki te mouri nan atak Jòdani an.

"Prezidan an te rekonesan pou tan yo te akòde pou pale ak li. Li eksprime fyète li pou sèvis yo rann peyi a epi di yo nou an dèy e nou gen anpil chagren akoz lanmò a. Li te rasire fanmi yo ke sèvis yo rann peyi a se yon sakrifis ke Ameriken onore e respekte e ke peyi a pral kontinye apiye yo pandan yap viv yon moman difisil ke okenn fanmi pa vle viv."

Yon lòt kote, Lachin eksprime kè sote pou sityasyon an nan Mwayèn Oryan an ke li dekri tankou "trè konplike e sansib". Peken mande tout pati yo "mete dlo nan diven yo" apre deklarasyon Biden te fè pou di Etazini "pral reponn" atak ak dron ki touye 3 Ameriken nan nòdès Jodani.

Wang Wenbin se Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Lachin.

"Li di sityasyon an nan mwayèn oryan an trè konplike ak sansib e nou espere pati konsène yo pral rete kalm, mete dlo nan diven yo ranfòse diyalòg ak kominikasyon, evite pran nan pèlen sèk visye reprezay epi anpeche tansyon yo ogmante pi plis nan rejyon an.

Prezidan Biden di li rann Iran responsab pou founisaj zam ki te sèvi pou lanse atak la. Lè jounalis yo mande li kisa li pral di palmantè Demokrat yo ki gen kè sote pou lagè Mwayèn Oryan an pa pwopaje pi plis li te bay menm repons la. "Nou pral we."